03/10/2026
NÒT REMÈSIMAN
Komite òganizasyon festi color LA VIE EN VOYAGE ap prezante remèsiman sensè li bay tout moun ki te patisipe, sipòte, epi kontribye nan realizasyon bèl aktivite festival sa a.
Nou remèsye patnè yo, envite yo, atis yo, volontè yo, ansanm ak tout piblik la ki te deplase pou vini pataje moman espesyal sa a avèk nou. Patisipasyon nou ak sipò nou se sa ki fè festival la reyisi.
Nou pwofite okazyon sa a pou di nou mèsi anpil pou konfyans nou ak kolaborasyon nou. Nou espere kontinye travay ansanm pou lòt aktivite kiltirèl ki ap kontinye valorize kominote nou an. Randevou kase pou 31 mai ALL BLACK.
Mèsi anpil!