13/05/2025
Madi 13 me. Eta nou lè nou mouri (Ekl 9: 5-6, 10)
Yon bagay sèten, tout moun sou latè genyen pou yo mouri yon jou. Vlepavle, nou tout se pase n ap pase sou latè. Yon kesyon lèzòm toujou ap poze tèt yo, se kisa ki rive lè yon moun mouri? ---. Èske li kapab retounen sou yon fòm oswa yon lòt, pou vini pale ak nou, konseye nou, defann nou, pote nou sekou, elatriye? Labib klè sou koze sa a. Frèzesè, depi yon moun mouri, tout bagay fini pou li pami lèzòm. Li pa kapab regle anyen ni anfavè pwòp tèt li, ni obenefis kikeseswa, ni kont yon moun, kit li vivan, kit li mouri. Yo p ap kapab patisipe nan anyen k ap fèt sou latè ankò.
Èske yon kretyen gendwa fè yon sèvis lapriyè anfavè yon paran, oswa yon zanmi ki mouri?
Labib defann pitit Bondye yo fè bagay konsa. Abityèlman, nan moman fineray yon moun, nou òganize yon sèvis pou konsole paran ak zanmi mò a. Nan legliz Rès la, nou pa vini devan lotèl Senyè a ak kadav la, paske li pa konnen anyen nan tousa ki pral fèt yo. Nou depoze sèkèy la nan yon espas ki fèt pou sa, tandiske piblik la antre nan sangtyè a pou tande mesaj Senyè a ap voye pou yo nan sikonstans lan. Malgre anpil moun estomake pou sa, yo babye pou sa san yo pa konprann se pa pou mò a sèvis la ap fèt. Elas!
Relijyon nan rejyon Mwayennoriyan yo te ansenye yon dividal erezi, pou fè konnen moun mouri yo kapab retounen sou yon lòt fòm pami lèzòm (moun, bèt, pyebwa, elatriye). Pami sa yo, relijyon Chentoyis la egzije patizan li yo, chak lè pou yo boule lansan pou moun yo te renmen, men ki gentan mouri yo, epi lapriyè pou yo. Mezanmi, fè kil pou mò, plede lapriyè pou yo, se payen yo ki fè bagay konsa. Labib pa dakò ditou kalite sèvis sa yo. Se poutètsa, li rele seremoni sa yo: «Le culte des démons» (1 Ko 10: 20; 1 Tim 4: 1).
Bagay sa a te lakòz Jewova Bondye a te lage pitit Izrayèl yo. Paske majisyen tout kalite tout plimay te ranpli peyi a. Depi se kote moun ap fè sèvis pou mò, rele mò pou pale ak yo, pratike lamaji, nou mèt sèten se pa zafè Bondye k ap regle. Fòk nou ranje bouch nou pou nou pa di nan veye a ak nan fineray la, se yon dènye omaj n ap rann dèfen an. Paske moun n ap bay omaj la, li dwe la avèk nou; ale wè li mouri, li pa konnen anyen nan tousa k ap fèt la. Nou pa dwe adrese nou dirèkteman ak kadav la, paske li pa kapab ni tande, ni wè, ni konprann anyen nan sèvis finèb la. Frèzesè, annou evite kil denmon yo. Konsa Bondye va beni nou. Amèn!