COBE Community - COmpetence Before Everything Community

COBE Community - COmpetence Before Everything Community Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de COBE Community - COmpetence Before Everything Community, Port-au-Prince.

Association ayant pour objet de mettre en commun de facon permanente les connaissances, competences et ideaux des professionnels du secteur informatique dans le but de promouvoir les NTIC (Nouvelle Technologie de l'information et de la Communication. C'est une association ayant pour objet de mettre en commun de facon permanente les connaissances, competences et ideaux des professionnels du secteur

informatique dans le but de promouvoir les NTic (Nouvelle Technologie de l'information et de la Communication) à travers le monde.

13/03/2022
20/09/2020

Depi yon bon bout tan, n'ap eseye wè ansanm avèw kijan nou ka aprann itilize solisyon ki pèmèt nou kolabore nan espas tankou: lekòl, bisnis, inivèsite yo, ..., elatriye, gras ak posiblite ke web lan ba nou depi dezyèm vèsyon li ke'n konnen sou non "web 2.0" oubyen tou "web participatif".

Nan sa ki gen a wè a "media social" yo, pou prezans, itilizasyon, Ayiti ok sou pwen sa a. Paske jounen jodi a nou prezan anpil sou "media social" yo ki se yon pwodwi tou de web 2.0 a, c sak fè youn nan lòt non ke web 2.0 a genyen se "web social".

Jodi a n'ap prezante'w san antre nan twòp detay 3 nan solisyon ou ka itilize pou'w kolabore ansanm ak anplwaye'w, kòlèg, etidyan parèy ou a distans.

1. Zoom : se yon platfòm ki pèmèt ou fè konferans web( visioconférence, chat privé, partage d'écran). Li pèmèt ou òganize yon seri reyinyon avèk jiska 100 patisipan ki paka depase 40 minit si w'ap itilize platfòm nan gratis ti cheri.

2. Cisco Webex Meetings : menm jan ak zoom, li pèmèt ou òganize yon seri reyinyon ki paka depase 40 minit si wap itize plan gratis li a( free), anplis de sa li vini ak 1G espas pou'w estoke done sou "cloud" la epi ou k gen jiska 50 patisipan nan chak reyinyon.

3. Skype : platfòm sa a menm jan ak 2 premye yo pase de prezantasyon. Li bay posiblite pou gen 25 patisipan nan chak reyinyon pou plan gratis la (free), li pèmèt tradiksyon vwa pou 10 lang e tradiksyon "text" pou 60 lang.

Si tout fwa plan gratis (free) la nan youn nan solisyon yo pa rive reponn ak bezwen ou yo, ou ka toujou chwazi yon plan peyan (pro).

Toujou gade bò lakay ou oubyen nan anviwonman wap viv la kisa ki merite chanje e kijan ou k patisipe nan chanjman silaa, c konsa mw ak ou k devni imòtèl nan lespri jenerasyon kap vin apre nou yo.
Pa bliye like e pataje pou plis moun k touche. Ansanm ansanm n'ap tuju pi fò.
Mèsi pou atansyon'w🙏

12/09/2020

Ooo ke c bo! ke c bo! ke c booo lavi!!!
Siman ou poko tande pawòl sa yo nan bouch yon paran. Epoutan yo pami liriks prefere ki, lè yo makònen ak "rythme" kè yo nan yon amoni tèt chaje, mennen a yon senfoni anjelikman anjelik chak fwa yo wè lajwa ki tanmen pran fòm kò'l sou ti visaj pitit yo.
Pa gen paran ki pa renmen wè lajwa k'ap briye tankou solèy midi sou visaj ti lèzanj yo, menm lè paran ki responsab konn oblije fè sa ki bon pito pou timoun yo olye de sa timoun yo vle e ki konn fè yo kriye. Men nan ka saa, jan nou souvan di bò lakay nou an, pito timoun kriye, granmoun pa kriye.

Maladi -19 la menm lè li poko eradike nèt nan peyi a, sot fè lekòl nou sou yon pakèt plan. Menm si moun pa bò isit sanble pa deside aprann ditou.
Sou plan edikatif, kriz sanitè modyal la jwenn ak kriz politik lokal yo montre'n a klè nesite pou'n demateryalize yon seri aktive. Nesesite pou tout lekòl kòmanse panse a genyen yon bon sitèm enfòmasyon. Pa egzanp, yon lekòl ki ta rive boule pa aksidan ou pa zak kriminèl, pa oblije pèdi achiv li pou otan. Tout sa'n bezwen fè c nimerize yo, kreye bon jan sistèm enfòmasyon. Konsa nou ta kapab rive kreye yon seri achiv "pérennes".

Nan dènye post ke n'te fè a, ke'w ka jwenn nan lyen saa👉🏼" https://www.facebook.com/101575698157525/posts/180917480223346/?d=n " si'w pot ko wè'l, nou t wè yon premye wòl teknoloji k jwe nan kontinite edikasyon timoun yo nan peyi a malgre " vents et marées".

Ebyen yon lòt wòl ke teknoloji k jwe nan kontinite edikasyon timoun peyi Dayiti yo se rann yo epanouyi.
Ke se swa nan peyi lòk oubyen konfinman, anpil paran deja reyalize ke si se pou anseye yo t'ap mouri pòv 😀, tèlman yo pa gen pasyans pou sa. Anvan timoun nan fè yon erè nan leson y'ap moutre'l la oubyen nan egzèsis yap travay avèl la, li gentan pran yon tap oubyen yon kout sentiwon. Yo fache, yap fè kout san tout bagay. Lè konsa timoun yo paka aprann nan yon kondisyon parèy, yo twouve se lesyèl yap moute pa do. Se yon ti minorite zwit paran ki gen pasyans ak konpetans nesesè pou travay ak timoun yo lakay yo.

Solisyon:
Si lekòl yo ak paran yo adopte, anbrase teknoloji/zouti kolaborasyon yo tankou zouti ki pèmèt kreyasyon, jesyon "classe virtuelle" yo pa egzanp yo ta k pèmèt timoun yo retwouve yon anviwonman ki prèske parèy a anviwonman daprantisaj abityèl yo menm lè yo a distans de lye fizik sal klas yo.
Wap sezi wè kòman yo kontan retwouve lòt ti kamarad yo, pwofesè yo nan "classe virtuelle" la menm si se a travè yon laptop 💻, yon tablèt, elatriye. Gras ak zouti/platfòm kolaboratif yo, filange dèyè timoun yo ak kout sentiwon pou'w fè yo aprann kichòw la pa t'ap nesesè pwiske t'ap gen pwofesyonèl nan zafè ansèyman ki t'ap travay nan lekòl timoun yo a travè platfòm sa yo ki t'ap pran sa an chaj.
Lekòl yo ka peye yon lisans pou itilize jan de platfòm sa yo oubyen kreye pwòp platfòm pa yo.

Gen paran ki achte tablèt bay timoun yo pou yo jwe, gade desen anime, elatriye. Tablèt lan ka sèvi yon zouti daprantisaj pou timoun yo tou. Si lekòl yo ajoute tablèt la pami materyel timoun nan ap bezwen pou'l travay menm jan ak lis liv yo t ba li a, paran ki pot ko achte pou timoun pa yo ap fini pa fè efò pou fè'l. Pa gen paran ki pa vle "le meilleur" pou pitit li.
Menm si peyi a an kriz lekòl paka sispann egziste mezanmi.

Toujou gade bò lakay ou oubyen nan anviwonman wap viv la kisa ki merite chanje e kijan ou k patisipe nan chanjman silaa, c konsa mw ak ou k devni imòtèl nan lespri jenerasyon kap vini apre nou yo.
Pa bliye like e pataje pou plis moun k touche. Ansanm ansanm n'ap tuju pi fò.
Mèsi pou atansyon'w🙏

04/09/2020

4 septanb 1998 - 4 septanb 2020, fè 22 lane depi Sergey Brin ak Larry Page t kreye gwo jeyan saa ke nou tout konnen sou non GOOGLE ki ta pral chanje fason moun "surfer" sou web la.
Avan tout lòt sèvis li mete sou mache a GOOGLE c yon "moteur de recherche".

Pou sila yo ki, nan lane 90 yo, swa ki pot ko fèt, swa menm jan avèk nou ki pot ko twò eklere yo😀, ka pa konprann kisa sa vle di lè nou di ke GOOGLE chanje fason moun "surfer" sou web la, ki kokenn chenn amelyorasyon li t pote nan fason moun fè rechèch ak aksede a kontni web.

Men yon ide de kòman GOOGLE revolisyone navigasyon web la.

Medam yo ki konn fè manje byen yo pa egzanp, konn anvi prepare yon pla, yon salad 🥗 ke yon zanmi t pale yo de li oubyen ke yo t wè nan yon resepsyon ke yo t'ale, men yo pa konn resèt la. Jounen jodi a gras ak yon "smartphone" ki nan men medam yo, yo ka jis tape kèk mo kle (key word) sou GOOGLE tankou "salade russe recette", ..., etc, epi nan mwens ke yon segond GOOGLE gentan baw kelke milye de rezilta. Rezilta sa yo prezante sou fòm yon seri lyen "hypertext" ou k di tou "herperlink" ke ou jis tape/klike sou sa ki sanble reponn a kritè rechèch ou a epi ou ateri sou sit web ki met resèt kizin yo a dispozisyon gran piblik la.
Avan 1998 ou pa tap k fè'l konsa.
Poukisa Mr Rony????🙄
Ebyen paske avan GOOGLE (avan 1998), fòk ou t konn URL (Uniform Ressource Locator) sit web la pouw t ka al gade resèt kizin li yo. Sa vle di si pa egzanp sit web la c www.recettes.com, chak fwa ou bezwen resèt yon salade fòk ou ta konnen nan tèt ou www.recettes.com nan oubyen "http://www.recettes.com/salades" ki c url paj ki prezante resèt salade yo sou sit web la e mete'l nan navigatè web la a chak fwa ou gen bezwen.
Kounyaa imajine kantite URL ou tap bezwen kenbe nan tèt ou pou chak sit web ou ta pral vle vizite. URL la c tankou yon adrès ke lye, donk gras ak Google ou pa bezwen konn yon pakèt url nan tèt ou pouw "surfer" sou web la.
C tankou yon zanmi ou pral lakay li men ou pa konn kay li, epi li voye yon moun chèchew. Gras ak moun li voye chèchew la ki konn kay la, ou menm ou pa bezwen konn kay zanmi an pouw ale wèl, pwiske moun kap mennenw lan konnen'l. Ebyen sou web la GOOGLE c moun saa kap mennenw tout kotew pa konnen yo.
Lè n'ap "surfer" sou web la nou tout konnen kisa nap chèche, men majorite nan nou pa gen yon ide de kote (sou ki sit web) n'ap jwenn sa nap chache a, e se la GOOGLE antre nan jwèt la, paske wòl li se pou'l konnen nan plas mwen ak ou.
GOOGLE pa sèl "moteur de recherche" ki egziste nan mond la jodi a, men nou pap pale de lòt yo nan post saa, jodi a c GOOGLE ki a lonè.

Toujou gade bò lakay ou oubyen nan anviwonman wap viv la kisa ki merite chanje e kijan ou k patisipe nan chanjman silaa, c konsa mw ak ou k devni imòtèl nan lespri jenerasyon kap vin apre nou yo.
Pa bliye like e pataje pou plis moun k touche. Ansanm ansanm n'ap tuju pi fò.
Mèsi pou atansyon'w🙏

03/09/2020

Kijan nou k vwayaje✈️ legalman san paspò, san viza gras ak teknoloji??? E kijan nou k travèse bisantnè maten midi swa san danje gras ak teknoloji???
Anvan tou, eseye konprann nan ki kontèks nap pale a svp. C vrèman enpòtan!!!

Jan nou t pwomèt ou li a, post saa fè swit ak dènye post nou t fè sou WEBINAR lan kew k jwenn nan lyen saa siw pot ko wèl 👉🏼 "https://www.facebook.com/101575698157525/posts/177965777185183/?d=n"

Vwayaje, nan kontèks aktyèl peyi Dayiti a, c yon mo ki fè sijè konvèsasyon majorite jèn nan peyi a, e se pa paske ayisyen pi renmen fè touris pase sa. Anpil jèn kou granmoun vle vwayaje ale nan lòt peyi pou chache lavi miyò, sa ki pou yo ta sanble prèske enposib pa bò isit. Men c pa de vwayaj saa nou vle pale nan post saa.

Vwayaj nou vin palew la kontrèman ak vwayaj nou sot fè referans piwo a, c yon vwayaj "virtuel".
Sa vle di kisa?
Sa vle di ke gras ak teknoloji nou k vwayaje nan yn lòt peyi san nou pa vrèman ale nan lòt peyi a tout bon vre.
E kòman Mr Rony?☝🏽
Ebyen map diw gras a entènèt la e yon seri aplikasyon/platfòm ki fèt pou sa.
Sa m'vlew konprann nan c sitou, pa egzanp yon moun kap viv New York city 🌃 kew baw yon "call video" depi koneksyon entènèt ou bon ap rive wèw e tandew kòmsiw t New York avèl, pou moun saa entènèt la potew ba li san paspò ni viza kote'l ye a, poutan ou toujou Ayiti fizikman.
Pouw k konprann mye kote nou vle rive avèw la, an nou fè yon ti listwa tou kout.
De 1991 à 2004, sou entènèt la, vèsyon "web" lemond t'ap itilize a se t "web 1.0" a ke Tim Berners-lee t envante. Lè saa sit entènèt yo t komplètman "static", ou pat k entèraji avèk paj web yo, ni kite yon ti kòmantè sou yo. Tout saw t k fè c li kontni yo met a dispozisyonw lan epi ale.
Men a pati 2004, yo t kòmanse medyatize dezyèm vèsyon web la ki c web 2.0 a ke yo rele tou "web participatif", oubyen tou "web social". Gen lòt vèsyon web ki swiv 2.0 men nou pap pale de yo nan post saa.
Yo rele vèsyon web saa "web sosyal" oubyen web participatif" paske objektif li c t priyorize entèraksyon itilizatè yo, kolaborasyon yo, elatriye.

Kisa pase bisantnè oubyen vwayaje gen pou wè ak yon vèsyon web???
Ebyen zanmi'm c laa nou t vle rive a.
Konbyen fwa yon gwoup jèn tap travay sou yon pwojè ki ta pral chanje lavi moun an Ayiti epi paske rezidans 2, 3 jèn nan gwoup la tonbe epi saw tande a pwojè tonbe a lo tou??
Konbyen fwa jèn inivèsitè nan peyi a bloke lakay yo pandan ke yo ta vle al sou campus la pou twavay sou yon pwojè ki konn pwòjè sòti yo pafwa jis paske yo paka pase sou bisantnè, matisan, oubyen a koz peyi lòk?

Mr Rony ki solisyon ou k pwopoze??
Ebyen repons la c òganize kèk KONFERANS WEB lè nou bezwen reyini men pou yon rezon ou yon lòt nou pa kapab fèl nan yon espas fizik. Sa ki rive posib gras a yon seri platfòm ki fè pwen fò web 2.0 a

Lè'm t pale de pase bisantnè san danje gras ak teknoloji a, c de sa mw tap pale. Sa vle di nou pase bisantnè san kò fizik nou pa pase tout bon vre gras a espas "virtuel" nou k kreye sou entènèt la pou nou reyini yo.
Konsa etidyan Kafou a k travay ak sa ki Petyon Vil, Delma, Taba, elatriye, kit bisantnè cho ou pa, kit wout delma bloke ou pa, etc.
Ann antre travay a distans nan kilti nou, nap wè gen yon pakèt obstak kap tou disparèt tou.
Mèsi pou atansyon'w 🙏

29/08/2020

Jodi a nou pral pale yon ti kras de WEBINAR. Kisa'l ye, ki itilite'l,..., etc???
Webinar se yon mo-valiz ki asosye "web" ak "seminar". Web menm jan nan world wide web e seminar an anglè ki fè seminè an kreyòl. Webinar fè webinaire an fransè, "web" et "séminaire" sa ki ba nou "conférence web" an fransè.
San n' pa twò antre nan detay, web la pou tèt li c yon "sistèm enfòmasyon" ki gen ladan yon ansanm dokiman ak lòt resous (web ressources) ke yo rive idantifye gras a yon seri URL(Uniform Ressource Locator, pa egzanp https://www.amazon.com/), ki entèrelye gras a sa yo rele lyen "hypertex" yo e ki aksedib tou gras ak entènèt la.
Seminè a li menm nan ka saa kapab yon fòmasyon profesyonèl non yon domèn byen defini.
Kidonk, WEBINAR lan c yon sòt de seminè ki fèt an liy (online) kote tout patisipan yo gen aksè a menm dokiman yo, tande menm bagay pandan yo twouve yo a distans. Sa vle di si wap patisipe nan yon koferans web, si konferansye/prezantatè a di A, pa gen moun kap tande B kèlke swa kote yo ye sou planèt la. Dokiman li pataje sou òdinatè/laptop li c li menm moun ki Brezil, Canada, USA, Haïti k'ap patisipe nan webinar lan ap jwenn depi li ba yo aksè. E tout patisipan yo ka entèraji sou dokiman yo, donk webinar la pèmèt entèraksyon ant patisipan yo e konferansye a.

Ki itilite WEBINAR lan??
Pa egzanp, nan kontèks aktyèl la kote patou nan mond la akoz maladi covid-19 la y'ap pwone distansyasyon sosyal yon mannyè pou yo ta frennen pwopagasyon maladi a, kèk seyans webinar ka ede antrepriz yo limite deplasman yon seri "cadre" enpòtan jis pou yon reyinyon de routin oubyen fòmasyon kèk anplwaye. Konsa yo ta k limite risk ekspoze "cadre" sa yo a yon kontaminasyon pwobab de covid-19 la.

Eske nou k òganize yon webinar (seminè an liy) an Ayiti???
Ebyen repons lan c wi. Men kisa nap bezwen pou sa kounyaa?
1. konferansye a ap bezwen yon ekipman tankou yon laptop 💻 oubyen yon pc,etc. Yon lojisyèl/aplikasyon de kolaborasyon tankou: Adobe Connect, Zoom, Cisco Webex, Livestorm, ..., ect, adrès email patisipan yo pou voye envitasyon pou yo pran pa nan seminè vityèl la, yon bon koneksyon entènèt.
2. Patisipan yo an plis de sa nou sot site anlè yo ap bezwen resevwa yon envitasyon swa via yon mesaj text, swa yon email ki gen yon "hyperlink" ladan k'ap kondwi'l sou platfòm ke webinar la ap fèt sou li a.
Nan sousi pou'n evite fè post saa twò long nap kanpe la, men nou pwomèt ou yon seri lòt post sou kesyon webinar lan nan pa lontan. Paske misyon pa nou c ede moun nan peyi a itilize teknoloji yo pou amelyore fason nou viv, travay, aprann, elatriye.
Pa bliye like e pataje post saa c youn nan fason ou k patisipe nan travay saa.
Mèsi 🙏

25/08/2020

LTE (Long Term Evolution) comme dans 4G-LTE désigne sur le plan marketing la quatrième génération de téléphonie mobile permettant un très haut débit pouvant aller en théorie jusqu'à 150Mb/s. Je dis bien sur un plan marketing parce qu'en réalité le LTE tout court est considéré comme étant la 3.9G (3.9e génération) de téléphonie mobile.
Ce n'est qu'en octobre 2010 que l'UIT(Union Internationale des Télécommunications) a reconnu la norme "LTE-Advanced ou LTE+" qui est un évolution de la norme LTE comme une technologie 4G à part entière.

21/08/2020

ÈSKE ITILIZE LAPTOP 💻 SOU JANM KA FÈ YON GASON PAKA FÈ PITIT?
Nan moman n'ap pale a, avèk 5.19 milya itilizatè k'ap itilize entènèt la gras ak yon telefòn entèlijan (smartphone) olye de yon laptop 💻 oubyen yon desktop, ...,etc, anpil moun ptèt deja di laptop pa alamòd ankò. E se youn nan pwoblèm nou pa bò isit an Ayiti, anpil nan nou toujou prè pou fè nenpòt sakrifis pou'n gen aksè a dènye teknoloji yo, men c pou yo k di nou alamòd, ke nou gen dènye mak tèl ou tèl telefòn. San panse a mye sène zouti teknolojik ki nan men nou yo, pou'n ta itilize yo pou amelyore vi'n ak vi moun ki antoure'n yo, kreye richès, elatriye.
Gen yon epòk tandans la t pote sou òdinatè desktop 🖥, apre sete laptop 💻, e kounyaa c telefòn entèlijan yo📱, men youn pa rantre lòt ni rann lòt perime. Yo tout gen itilite yo, avantaj ak enkonvenyan yo selon izaj ou anvizaje a.
Brèf, ann retounen vif sijè a.
Eske itilize laptop 💻 sou janm nan k rann mesye yo esteril?

Repons la c wiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii. Men siw konn itilize laptop sou janm ou pa panike, nou pral diw pou kisa pi ba nan tèks la.
Plizyè etid sou zafè fètilite lakay mesye yo deja pwouve ke itilize yon laptop pandan plis pase 15 minit sifi pou koze sa syantifik yo rele yon "hyperthermie scrotale". C lè chalè ke espèmatozoyid yo ka sipòte nan testikil mesye yo depase nivo nòmal la. Yo pale de "hyperthermie" paske chalè saa kontrèman a yon fyèv c pa kò a ki pwodwil, men c laptop la ki degaje'l konbine ak pozisyon moun nan chitaa tou ki k ogmante chalè nan testikil yo. E chalè a depi'l depase sa yo rele nivo "safe" la, safe pou sekirite, k domaje ADN espèmatozoyid yo, menm tiye yo.
Gen moun pami yo mwen menm ki konn mete yon moso planch oubyen yon zorye anba laptop la, men sa pa chanje anyen si testikil yo paka jwenn lè. Paske depi chalè ogmante nan testikil yo, espèmatozoyid yo an danje e san espèmatozoyid pa ka gen bebe moyiz, ni ti jak, ni ti jan😀.

Poukisa mw t di nou pa panike si nou gen abitid itilize laptop 💻 la sou janm nou an?
Ebyen m'ap diw ke, menm si itilize laptop la sou janm ou an ka rann ou esteril, fèw menm rive kwè k c madanm nan podyab ki gen yon pwoblèm, Dye swa loure li pa irevèsib. Sa vle di kisa? Ebyen sa vle di menm si ou ta pèdi yon rekòt espèmatozoyid semèn saa, tout sa ou gen pouw fè c jis kanpe sou itilize laptop la sou janm ou an, pran ti vitamin ou epi rekòmanse frape.😀

Pa bliye like e pataje svp e mèsi pou atansyon nou🙏

13/08/2020

"NESESITE C MANMAN TOUT INOVASYON".
(La nécessité est la mère de toute innovation en français).
Sa vle di kisa?
C yon fraz ou pito yon dikton ki byen koni nan mond syantifik la.
Ebyen an reyalite nan mond syantifik la, tout envansyon ou inovasyon ki fèt, li fèt pou rezoud yon pwoblèm byen espesifik, satisfè yon bezwen endispansab. Donk pou gen inovasyon, fòk gen konsyans ki pran de yon seri bezwen ke yon kominote, yon sosyete genyen e santi nesesite pou satisfisfè bezwen sa yo jeneralman ki endispansab. Tou sa gras a yon seri nouvo zouti kreye e teknik devlope. C sa ki teknoloji a, "science des outils et d'la technique".
Kounye a kesyon nou ta ka poze,
si nesesite c manman inovasyon, poukisa Ayiti 🇭🇹 pa fè pati de ansanb peyi lidè nan mond lan nan sa ki gen a wè a inovasyon?🤔
Pou yon repons a kesyon saa nou petèt bezwen yon sosyològ pou eklere lantèn nou, malerezman mw pa gen youn a dispozisyon'm pandan map ekri tèks saa.
Men c vre, laa nan karayib la nou chanpyon nan sa ki gen a wè a pèp ki gen plis nesesite. Gen konpatriyòt ki pale de "malsite" pou fè referans a bezwen endispansab nou yo e ki prèske pa janm satisfè. E sa, sou tout plan yo.
Kisa nou k fè kounyaa pou pote chanjman?
Pou kòmanse, mw kwè ke nou bezwen redefini advèsè nou yo e konsa o pasaj n'ap tou redefini objektif nou nan sa ki gen a wè a nan ki nivo konpetisyon nou vle konbat.
Pa twò lontan, Ethiopie ki se yon peyi Afriken t repite kòm yon peyi mizè, pòv, ki nan nesesite siman a koz de gwo kriz alimantè plizyè peyi nan rejyon an t'ap fè fas nan lane 2011 lan. Men depi kèk tan Ethiopie bay tèt li misyon pou korije kaye listwa'l, c onzyèm peyi nan kontinan an ki gen pwòp satelit li nan lespas, satelit ke yo t lanse 20 desanb 2019 la avèk soutyen la Chine 🇨🇳. Satelit yo a vin fè 41e satelit ke peyi Afriken yo lanse nan lespas. Tou sa paske yo konprann ke pouw konpetitif sou mache modyal la, fòk ou inove nan fason wap aksede e trete done (data, enfòmasyon ), fòk ou konnen ke enfòmasyon pa gen pri, enfòmasyon c pouvwa, ke konpetitif sou mache modyal la c nètman mye ke vye konpetisyon delwayal sou pwòp tèritwa yo 🤷‍♂️, ..., etc.
Satelit ETSS la pèmèt yo non sèlman devlope yon seri sektè nan peyi a, men tou rann yo pi konpetitif gras a sèvis telekominikasyon ke yo vin dezòmè yon prestatè. E nou konnen bò kote petwòl, telekominikasyon c youn nan sektè ki pi rantab sou planèt la.
Nou bezwen jete mantalite kòk lakou a. ☝🏽
Kisa m'vle di pa la?
Ebyen li lè li tan pou fòmasyon inivèsite yo ap bay nan peyi a valab pou tout mond la, ke boujwazi an Ayiti a mèyè envesti nan kèk pwojè miltinasyonal tou, pou'l sispann yon boujwazi lokal e revandè sèlman.
Nou bezwen chanje mantalite krab la tou.☝🏽
Zafè depi pitit vwazen an achte yon vye machin avan pa lòt la , lòt la wè fòk li touye'l la pap mennen nou ankenn kote. Tiye pa lòt la paske'l fè yon ti pwogrè a, c pa sa kap fè ni ou menm 🙅🏽‍♂️ni pwòch ou 🙅🏽‍♂️fè pwogrè.
Mèsi pou atansyon'w 🙏
Pa bliye like paj la siw entèrese a jwenn plis post konsa e pataje post la pou nou k ansanm ansanm rive touche plis moun.

Adresse

Port-au-Prince

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque COBE Community - COmpetence Before Everything Community publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à COBE Community - COmpetence Before Everything Community:

Partager