13/08/2026
Nou kwè nan ede. Nou kwè nan pataje. 🤝❤️
Se pou tèt sa, lè yon kliyan chwazi travay avèk Galaxie Atelier Confection & Impression, li pa sèlman ap achte yon sèvis oswa yon pwodwi; li ap kontribye tou, dirèkteman oswa endirèkteman, nan sipòte yon aktivite sosyal.
Nou kwè biznis kapab grandi pandan l ap fè yon diferans nan kominote a. 🌍✨
Chak kliyan se yon patnè. Chak travay se yon opòtinite pou nou bay tounen.
Galaxie Atelier Confection & Impression — Ansanm, nou kreye. Ansanm, nou ede. 💙
Nou kontan mete an limyè ZANMI LASANTE, yon òganizasyon ki chwazi kanpe bò kote WANAMENT AN SANTE kòm esponnsò pou inisyativ sa a ki vize pote sèvis ak swen sante pi pre kominote a.
🤝 Mèsi pou konfyans, sipò ak angajman nou anvè kominote Wanament lan.
Se ansanm nou ka fè plis pou sante ak byennèt popilasyon an.