28/04/2026
🇭🇹 Mwen sonje jou sa a… Mas 2024. Solèy la te cho, men nanm nou yo te pi cho toujou.
Nan yon sal modès nan Gwomòn, mwen te kanpe devan 10 jèn ki te chwazi kwè nan yon rèv — rèv pou entènèt la rive touche chak komin nan Gwomòn, pa sèlman lavil.
Ansanm ak AOG ak ISOC Chapitre Haïti, nou te fòme chak jèn sa yo pou yo konnen :
🔧 Kòman yo fè kab entènèt ak men yo
📡 Kòman yo konfigire yon rezo Unifi Mesh
🎫 Kòman yo kreye voucher pou kominote a
Mwen pa janm bliye silans sa yo — moman kote yon jèn fikse kab pou premye fwa, moman kote youn konprann rezo a, moman kote souri pa ka kache ankò. ✨
Sa nou plante nan Gwomòn a, ap donnen pou lontan.
🌐