16/05/2022
https://www.gofundme.com/f/8ncwu-give-a-future-in-technology-to-kids-in-haiti?utm_campaign=p_cp+share-sheet&utm_medium=copy_link_all&utm_source=customer
Nou se reprezantan Fondación Alfa Omega Social ak Club de Sciences et de Technologie. Se yon plezi pou nou pou nou ekri-w mesaj sa a.
Objektif mesaj la se pou prezante sa nou pral ekri nan liy anba yo :
Nou genyen yon Club ki rele : Club de Sciences et de Technologie, li trouvel nan Rue Rocourt, Villa Orizon, Bizoton 53. Nan club sa, nou aprann timoun ak jenn ELEKTRONIK, PWOGWAMASYON AK ROBOTIK. Ou kapab vizite paj facebook Club la pou kèk travay nou reyalize nan lien sa a : https://www.facebook.com/profile.php?id=100063589091442 Nou ap travay sou site internet club la tou : http://csthaiti.com/ Nou genyen kèk video ke nou ka gade nan chanèl youtube sa : https://www.youtube.com/channel/UCMhxIn2xYYQLmsZKZNFJ71Q/videos Nou gen anpil pwojè nou vle reyalize nan club la (Robo ki ap jwe foutbòl, Robo kap evite obstak, Ouvri pòt ak enprent ak modpas oubyen ak kat dijital, asansè, drone, otomatize kay, kontrole limyè sou internet, poubel otomatik, aparèy pou moun ki avèg an anpil lòt ankò). Nou vle kreye lòt club nan lòt vil nan peyi a (Okap – Lenbe – Pòdepè – Gonayiv ak Senmak).
Jan nap gade sitiyasyon peyi a ap degrade chak jou la, nou deside pou nou ateri nan plis vil posib nan objektif pou bay jenès la yon lòt direksyon. Konsa nou deside kontak kèk sitwayen pou pote kole ak nou pou ede nou monte club nan tout peyi a. Annou bay jenès la yon lòt oryantasyon.
Abdaham Victoire Moncoeur +57 304 453 1945
Scynthia Domany +509 3191 8361
Dan Stanley Saturne +1 514 941 2887
Vasty Marc +57 301 639 6393
Jean Ronald Guillaume +57 304 594 7651
Jean Gary Apollon +57 320 452 0988