10/16/2026
Anpil fanmi ayisyen pase plizyè dizèn lane ap chèche pitit yo ki te ale nan adopsyon, pandan gen moun yo te adopte aletranje ki grandi san yo pa janm konnen kiyès paran biyolojik yo ye. Se pou ede moun sa yo òganizasyon ayisyen “Voie d’Espoir” ap travay depi 2020. Òganizasyon an mete sou pye yon platfòm entènèt, voiedespoir.org, kote moun ki te adopte kapab kreye yon pwofil pou chèche orijin yo, pandan fanmi biyolojik yo kapab enskri, bay enfòmasyon, dokiman ak foto ki ka ede jwenn moun y ap chèche yo. Avèk pwojè RAPWOCHE / KONEKTE, Voie d’Espoir itilize rechèch sou teren, verifikasyon enfòmasyon ak tès ADN, lè moun yo dakò, pou ede idantifye lyen fanmi yo. Sit la disponib an kreyòl, fransè ak anglè, sa ki fasilite aksè pou moun ann Ayiti kou aletranje. Sa se yon bèl egzanp kote teknoloji sèvi pou rezoud yon pwoblèm sosyal ki gen gwo konsekans sou lavi moun. Mwen envite nou vizite voiedespoir.org, dekouvri travay òganizasyon sa a epi pataje enfòmasyon an. Paske dèyè chak dosye adopsyon, gen yon istwa, yon fanmi, e petèt yon manman oswa yon pitit ki toujou ap tann nouvèl lòt la.