07/25/2021
Nan aji sou slogan menm definisyon mo yo nou pa bezwen konn sans.
“Ewo Vs Zero” Ki rapò?
Yon ewo : se yon moun ke yo rekonèt li pou bravou li, merit eksepsyonèl ak gwo bagay tèt chaje li reyalize nan sitiyasyon trè konplike eks…
Yon zero: nan matematik se yon eleman ki pa ka enfliyanse yon kalkil adisyon oubyen soustraksyon pou m pa ale pi lwen li pa gen siy. Nan jan yo kosidere li nan lari a, yo itilize l pou kalifye yon moun: se yon pèsonaj ki san kouraj ki pa vo anyen nan anyen.
Chak moun ka yon ewo nan yo domèn oubyen yon lòt, pou yon kategori de moun byen spesyal pou kèk bagay li ka fè ki te parèt enposib pou yo, nan yon siskonstans ekstraòdinè eks…
Pa gen moun ki zewo. Chak moun itil omwen yon moun nan vi li kanmenm. Konsidere yon kòm zewo ak tout bon sans ou m sa fè ou yon valè negatif ki pi enferyè ke zewo.
Sispann kite slogan lari a mennen nou san reflechi. Pa kite yon panse yon moun ki pa menm ka fè yon senp analiz lojik mennen nou. Lè gen konfizyon sou yo mo oubyen yon fraz (slogan) aji ak sajès epi ale chache yon diksyonè pou w ka konprann sans mo a si li echape w oubyen pat konnen l pou w ka analiz pawòl la. Li vrèman lèd lè w ki pawòl inyoran ap fè panse w pandan ke w ap neglije pawòl moun save.
Fè anpil atansyon ak sa lari ap pote ba nou si nou vle progrese.
Ron Lafalaise