WOM Studios Haïti

WOM Studios Haïti Notre mission: offrir un service de meilleure qualité dans le domaine de l'enregistrement.

Liste des services:enregistrement vocal et instruments musicaux - mixage et mastering

04/09/2025

Mikaben

Cherichout c'est L'unique produit pour les cheveux
03/02/2025

Cherichout c'est L'unique produit pour les cheveux

05/10/2024
18/02/2024

WOM Studios

26/10/2023

KIJAN POUW SEVRE TIBEBE OU A?

Pou evite ale twò rapid ak tibebe w la, sevre li pezape. Pou kòmanse, elimine youn nan tete yo pandan jounen an, sa ki vle di siw te konn bay bebe tete 5 fwa pandan jounen an ba li tete 4 fwa. Si sa mache byen, ou ka elimine yon lòt tete nan yon lòt jou. Pezape, wap ranplase tete a otan de fwa ke ou vle. Evite sevre pitit ou a si tout fwa li ta malad, paske li bezwen prezans rekonfòtan ou an.

Li preferab pou'w komanse elimine tete maten yo avan epi aswè yo an dènye, paske se souvan tete aswè yo ke timoun yo prefere. Ou ka kenbe yo pou trè lontan. Anpil manman fè sa menm apre yo retounen sot travay.

Si pitit ou a kòmanse manje manje solid, ou ka eseye estrateji sa yo pou'w sevre l:

🔹️San ou pa "refize" ba li tete, sispann ofri li bridsoukou.

🔹️Pran ti reta lè w'ap ba li tete si li pa twò enpasyan. Sa ap edew espase yo epi redwi kantite yo. Fèl chanje lide nan sijere li lòt aktivite.

🔹️Diminye nan dire tete yo. Si'w te konn ba li 30minit ou ba li 15minit.

🔹️Chanje kontèks tete yo (pa chita avèl nan chèz abityèl, nan menm moman yo, elatriye).

Pwosesis sevraj la ka pran plis tan pase sa ou te espere oswa, okontrè, pi vit. Sa depann de laj pitit ou a, tanperaman li, de santiman ou konsènan sevraj ak apwòch ou. Li jeneralman reyalis pou prevwa alantou 4 semèn pou yon sevraj konplè ak dousè. Epitou pa janm bliye ke sevre bebe pa vle di ou pa dwe ba li lèt ankò, ou sipoze toujou ba li lèt sitou lè li fenk leve ak lè li pral kouche.

Pataje ak nou kijan ou te fè pou'w sevre bebe ou a 😊😊




👇👇👇

https://www.facebook.com/pediactu00

Https://www.instagram.com/pedi.actu/

24/10/2023

KÒMAN W'AP FÈ KONNEN SI BEBE OU A BYEN TETE?

W'ap bay bebe ou a tete e se vrèman yon moman byenèt pataje ! Men ou toujou ap poze tèt ou si li manje ase... paske li enposib pou'w konnen egzakteman kantite lèt li bwè ! Ou pa bezwen panike n'ap eksplikew pou'w ka konnen lè bebe'w la rasazye.

MEN KÒMAN W'AP FÈ KONNEN SI LI BWÈ ASE LÈT

Men kèk sinyal :
- Ti bebe ou a tete omwen 6 a 8 fwa pa jou pandan premye mwa li fèt la.
- Lè l'ap pran tete a bouch li dwe byen louvri, mete pwent tete ak tout oswa yon pati nan areyòl la (pati won ki pi nwa ke rès tete a). Nen li sipoze degaje, babin li ki sipoze byen antre nan tete a.
- Apre'w fin bay tete, tete yo ap vid osinon pi mou.
- Depi sou 5yèm jou bebe a l'ap kòmanse mouye kouch li yo plis.
- P**i li ap gen koulè pal el pap gen kwè.
- Twalèt li ap jòn, pat e l'ap twalèt souvan ( omwen 3 fwa pa jou pandan premye mwa a).
- Lè l'ap byen tete w'ap wè mouvman lè li vale lèt la.
- W'ap remake pwent tete a pwenti men ou pa'p gen ni blese ni li pa'p plede fèw mal.
- Ti bebe a ap chanje ritm pandan l'ap tete, l'ap fè plizyè poz e se li k'ap chwazi kite tete a poukòl lè'l fini.

LÈ LI PA MANJE ASE

Manman yo toujou ap di mpa gen ase lèt. Men pou yon bebe fèw konnen li grangou, se pa kriye sèlman li ka fèw konn sa nan premye jou nan vi li yo, li yon jan difisil pou'w konnen sa tout kriye li yo vle di, pou'w distenge kriye grangou ak kriye kalen oswa kriye dòmi.

Gen kèk siy ki ka pèmèt ou konnen si bebe ou a pa manje ase.
- Li pa pran pwa nan kèk semèn.
- Tetew toujou rete gonfle ak lèt aprew fin bay tete e bebe a sanble manke fòs.
- Lè l'ap tete ou tande lang li k'ap fè yon bri, se yon siy kew pa byen mete tete a nan bouch li. Nan ka sa retire tete a epi remete'l.
- Si'w remake li pa p**i ni twalèt nan jounen an konsilte yon pedyat.

MEN KÈK KONSÈY POU BEBE OU A BYEN TETE

Asire'w kew pran yon bon pozisyon: jeneralman pi bon pozisyon an se chita, ou ka mete yon zòrye sou janm ou pou'w pa bese dow twòp e sa ap evite menw fèw mal anplis. Detann zepòl ou e mete bebe ou a byen anfas ou, nen li nan nivo pwent tete ou. Si pandan w'ap bay tete a li fèw mal, konnen pozisyon an pa bon: rekòmanse. Bay bebe bwè nan tou 2 tete yo.




👇👇👇

https://www.facebook.com/pediactu00

Https://www.instagram.com/pedi.actu/

Adresse

Rue Jeanty
Delmas
1026

Téléphone

+50931420749

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque WOM Studios Haïti publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à WOM Studios Haïti:

Partager