RV Technology

RV Technology La qualité de nos services est notre priorité..! Mwen se Vivens RHUMA, PDG RV TECHNOLOGY. Mwen se yon kanperinwa natif natal.

RV TECHNOLOGY se yon antrepriz nan santrevil Kanperen, nan lokalite Bwèt. An 2015, apré mwen te fin lekòl, mwen tounen Kanperen epi mwen te remake se te yon gwo kas tèt pwoblèm pou yon moun menm te fè yon fotokopi, osinon trete yon teks, menm pou yon moun ta ekri yon CV pou sila yo ki pagen yon òdinatè. Se konsa mwen te kreye RV TECHNOLOGY, pou bouche twou vid sa. Piti piti zwazo fè nich li, se ko

nsa nou te kòmanse biznis sa avek sèvis sa yo : tankou fotokopi, enpresyon koulè e nwa e blan, tretman teks pou kliyan yo, enpresyon foto ak reparasyon òdinatè. Nou pwofité bay kou enfòmatik pou degwosi moun nan zon nan ki pat janm gen aksè ak yon òdinatè. Konsa, RV TECHNOLOGY pèmèt anpil moun ka manye yon òdinatè epi fasilite yo jwenn travay. Nou pèmèt kominote a jwenn anpil sèvis de baz san ke yo pa bezwen fè yon gran deplasman. Avek letan, nou ajoute lòt sèvis tankou enstalasyon pano solè, nou vann dlo trete ak Glas. Resamman, nou ajoute yon sèvis transfè tankou CAM, Unitransfert, Unibank Toutkote e Moncash)
Nou satisfè, lè nou wè kijan sèvis nou bay, fasilite moun nan kominote a, e yo apresye sa anpil, sa fè nou plezi. An menm tan nap travay pou nou amelyore kalite sèvis nou yo. Detèminasyon nou se ofri plis sèvis e pèmèt plis moun jwenn travay. Nap remèsye tout moun kap kolabore avèk nou, pou ede nou grandi. RV TECHNOLOGY se patrimwann Kanperen, nou tout gen entéré nou.

05/08/2025
18/05/2025

Nan RV-TECHNOLOGY, pèman kliyan yo fèt pi fasil....

RV-TECHNOLOGY en deuil.😭😭😭
06/01/2025

RV-TECHNOLOGY en deuil.😭😭😭

Adresse

Bouette, Camp-Perrin
Cayes
HT8140

Heures d'ouverture

Lundi 08:30 - 16:00
Mardi 08:30 - 16:00
Mercredi 08:30 - 16:00
Jeudi 08:30 - 16:00
Vendredi 08:30 - 16:00
Samedi 08:30 - 16:00

Téléphone

+50928170467

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque RV Technology publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à RV Technology:

Partager