17/05/2019
Kansè nan kòl matris lan se devlopman yon timè maliyn nan mikez kòl matris lan. Yo pale de timè maliyn se lè enflamasyon an vanse poul kansè. Kontinye li sou link saa
https://www.facebook.com/DrClaudelsonThebeaud/photos/a.520529548418814/648199948985106/?type=3&theater
KANSÈ KÒL MATRIS
Jan m te pwomèt li pou mwa Me a m tap wè kèk maladi ke medam yo soufri sitou manman yo lè n konnen mwa sa a se mwa tout manman yo, menm si se pa nan jou a ni nan mwa sa poun konnen tout merit ke manman yo genyen. Nap pale de kansè kol matris ki se yon maladi grav lèl fin enstale men ki ta ka evite si te gen yon siveyans de matris lan. Sak pi enpotan se depistaj kansè kòl matris ke medam yo ka fè pou evite yo tonbe nan maladi grav sa a. Evite miyò pase mande padon. Nap pale de yon maladi sel fanm ka fè paske gason pa gen matris. Anplis se a pati 51 an pi souvan nou dekouvri kansè sa kay medam yo, le yo moun fin genyenl li ka viv jiska 5 ane anko sil pa gentan trete.
Ayiti pa dispoze statistik sou entenet pou w konnen kantite egzak pasyant ki fè kansè kòl nan peyi a men nou menm nan pratik medikal nou wè anpil ka nan lopital yo.
DEFINISYON
Kansè nan kòl matris lan se devlopman yon timè maliyn nan mikez kòl matris lan. Yo pale de timè maliyn se lè enflamasyon an vanse poul kansè.
Kansè sa a orijin li se yo enfeksyon ki fè anpil tan sou yon pasyant e ke nan majorite ka yo se ekspozisyon ak papilomaviris imen HPV ki bay li.
Pa definisyon yon kansè se miltiplikasyon san kontwol yon kalite selil ki pat dwe nan zon nou wè yo.
TI RAPÈL SOU ANATOMI MATRIS LAN.
Matris la se Ògàn fi selman, li se prensipal ògàn reprodiktè menm si tout lòt ògàn nan sistèm reprodiktè a dwe la e fè travay yo pou pèmèt pitit la fèt, se li ki destine pou resevwa ovil la lèl fin fegonde e se li tou ki dwe asire devlopman fetus(Fœtus) la. Li sitye nan zon ti basen an dèyè blad p**i a (Vessie Urinaire) e devan rekòtm lan ( yon pati nan gwo trip la). Li gen fòm yon triang ki mezire 10cm nan wotè ak 5cm nan lajè, se yon ògàn vid(creux) li pa gen anyen andanl se la tou fetus la devlope.
Kòl matris lan se pati ki pi anba a nan matris lan e li vin deboute sou bouboun lan, pati deyò kòl la rele Ekzokòl et endokòl pou andan.
FAKTÈ KI FAVORIZE DEVLOPMAN MALADI A
• Papilomavirus Imen (HPV), se prensipal ajan ki è kansè a devlope e ke li responsab 70% kansè kòl matris yo. Li se yon enfeksyon prolonje ki ka dire ant 10 a 15 ane konsa nan matris lan san trete, li transmèt pa kontak po ak mikez yo, pi souvan pasyan yo pran l nan fè bagay. Anpil fwa li geri pou kont li byen rapid men konn gen yon 10% ki rete ki pesiste jous yo rive kansè.
E sa fèt lè lap chanje bon selil yo an selil ki ka bay kansè, lè l fèk kòmanse yon pa anpil epi tout tan ane ap pase yap miltipliye e yo vin sou fòm yon boul ki oganize e pi souvan se kasinòn epidèmoyid ki se 85% kansè kòl yo.
• Aktivite seksyel Prekòs: Se lè timoun yo antre nan fe aktivite seksyel bonè li se yon faktè tou, akoz ògàn yo poko pre pou sa li ka vin debouche sou kansè saa.
• Plizyè patne seksyèl: Se yon gwo faktè tou paske gen plis chans pouw atrape viris la
• Enfeksyon pa VIH, lè moun fe maladi sa a, defans ko yo desann, yo vilnerab anpil viris antre sou yo avek fasilite.
• Miltiparite : Yon moun ki fè anpil pitit tou se yon kandida
• Planin : Yon moun kap pran planin san kontwòl se yon moun ki ka vin genyen maladi sa.
• ITS : Se maladi moun pran nan relasyon seksyel non proteje, yo menm tou si yo pa trete ka vin debouche sou yon kansè kòl matris nou gen herpes ak klamidia kòm egzanp.
• Eredite : Si yon fanmi pwoch ou te gen kansè kòl matris ou ka vin genyenl tou.
• Tabak ak alkòl tou
KLASIFIKASYON KANSÈ MATRIS
Lezyon prekanserez oubyen neoplazi sevikal ou CIN kap genyen nan epitelyòm (epithelium : Selil ki kouvri kòl la) mikez kòl matris lan se dirabilite viris lan nan kòl lan kap fe chanjman sa yo.
Yo klase yo an twa gwoup an fonksyon de gravite yo
• CIN 1: Selil anomal yo Selman 1/3 nan nan epitelyòm lan lè sa gen 57% chans poul pa rive kansè sil jwenn yon tretman adekwat
• CIN 2: Selil anòmal pran 2/3 nan epesè epitelyòm lan, la pousantaj la desann a 43%
• CIN 3 : Selil anòmal yo pran tout epitelyòm lan rive nan stad saa se 32%
SIN AK SENTOM MALADI A
Kansè kòl matris lan anpil fwa devlope san provoke okenn sentom patikiliye sitou lel fek komanse, se pou sal enpòtan pou ke medam yo fe swivi jinekolojik yo pou ka detekte byen bonè si gen yon bagay kap devlope, men kek bagay pasyan an ka wè:
• Lap senyen lel antre nan aktivite seksyel
• Gen lè tou li senyen sanl pap fè anyen
• Gwo doulè nan rapò seksyel
• Likid blanch nan kilòt li
• Anba vant fè mal avèk difikilte poul p**i ak anpil anvi poul al twalèt
• Doulè nan do
KIJAN NOU KA DETEKTE MALADI A
Tout egzamen kap vin fèt pou konnen ki sa ki pase nan matris lan se apre yon depistaj kansè kòl kise yon pap test, si gen chanjman nan selil ki nan kol matris lan yap fe egzamen sa yo pou konnen ki tip kansè epi ki selil ki bay li ak ki stad li ye.
• Kòlposkopi : Se yon egzamen ki fèt avek yon loup ki pwisan pou yo verifye nan kòl la si gen kèk zòn ki pa nòmal, epi depoze yon likid kap pèmèt yo we si gen lezyon prekanserez.
• Biyopsi : egzamen saa se lè yo we gen chanjman nan selil yo, yo pran yon ti moso pou voye analizel nan laboratwa anba mikwoskòp. E se li kap konfime kansè a.
PREVANSYON
Sak pi enpotan se fè prevansyon paske maladi a ka evite, tout fi ki nan laj seksyel aktif dwe al fe depistaj kanse kòl matris.
Tout fi ki gen 25 ane jiska 45 ta dwe fè yon pap tès yon fwa pa ane, apre 2 ane si yo toujou nòmal lap fèl chak 3 zan jiskaske li gen 65 ane. Se yon fason pouw evite tonbe nan kanse matris. Se yon egzamen ki yon ti jan jennen men li pa fè mal vrèman. Se nan yon klinik oubyen lopital yo fè despitaj pouw al fè sa, anplis chak mwa Me toujou gen kanpay deteksyon saa. Profite ane sa a paske nan spesyal pri a abòdab anpil.
TRETMAN
Gen 3 gwo aks yo pran an kont pou fè tretman kansè kòl matris :
1. Chiriji
2. Radyoterapi
3. Chimyoterapi
E key o ka itilize yo sel oubyen ansanm avek yon sel objektif ralanti kansè a jiskaske yo eliminel.
Nan ka chiriji an gen plizyè yo ka fe sa depann ki grad kanse an rive.
1. Chiriji
• Colpo-Hysterectomie elargie: se yon tip chiriji kote yo retire tout matris lan ak yon pati nan bouboun lan, ovè yo ak twomp falòp yo tou, se chiriji yo plis fè sitou nan ka yon kansè ki nan 4cm gwosè.
• Ablation des reseaux ganglionaires: Kansè yo anpil fwa yo janbe nan ògàn ki tou pre yo e ke se rezo gangliyon yo ki pemet yo vwayaje, nan sans pou evite kanse a pwopaje yo retire yo.
• Hysterectomie: se le yon Selman retire matris lan epi yo kite twonp ovè ak bouboun lan entak.
• Trachelectomie : si kanse a Selman limite l nan kòl matris lan e li pi piti ke 2 cm yo ka Selman retire kol lan sitou nan pasyan ki nan laj pou fè pitit li ka retonbe ansent men fok yon fè yon sèklaj pou li ki se yon pwosesis kap ranplase kol la.
2. Radioterapi: se yon tretman lokal, kote yo itilize yon aparèy kap bay reyon avek anpil eneji pou elimine selil kansè yo, metòd sa pemet ou pwoteje tout ògàn ki tou pre yo e ki pa malad yo.
3. Chimyoterapi: Nan ka kansè kòl la yok a preskri tretman sa a swa pou redwi tay kansè a oubyen pouw ogmante posiblite pou chiriji a reyisi oubyen ankò pou redwi propagasyon kansè a.
Gen moun ki fe tout tan yo san ke yo pa janm malad e yo pa janm al lopital jouk yo mouri, anpil tou mouri yo di yo touye yo poutan si yo te al lopital yo ta ka konnen sak pase. Lontan yo te konn di kansè se maladi grannèg men m plis kwè se paske malere yo pa al lopital ki fe yo pa konnen ki sa ki touye yo. Maladi yo pa fe diskriminasyon nou tout ka touche men sak pi enpotan anpil nan maladi yo ka pa rive mennen nou ale si nou fe plis pridans ak sante nou. Tout moun fi kon gason ki plis ke 40 an ou dwe konnen koman santew ye paske nan laj sa yo anpil maladi pral paret. Evite miyo pase mande padon. Pa diw pat konnen.
Dr Claudelson Thebeaud, Médecin Généraliste
Medsen nan Clinique Communataire Claudius Cleophat, ki nan grankay sou wout machan an nan latibonit.
Animatè Emisyon “Quoi de Neuf Doc?’’ Sou Radyo Nouvelle vision Chrétienne chak Jedi 5h-7hPM depi Gonayiv
Tel: 3659-3530 ( sms, apèl, whats app) Like paj Dr THEBEAUD a sou FB pou plis tem chak jou e pataje enfomasyon sa yo ak zanmiw pou yo ka enfome e konnen kisa yo ka fè si yo gen malèz sa yo.
L’éducation sanitaire c’est le meilleur médicament! TC ™